Article Title

$60 milyon disponib pou redemare biznis nan Konte Palm Beach

Post Date

Rollup Image

$60 milyon disponib pou redemare biznis nan Konte Palm Beach

Body

Kontak: Depatman Lojman ak Dirabilite Ekonomik (Department of Housing & Economic Sustainability)                               
Telefòn:   561/233-3600

» In English  »  In Spanish 

Konsèy Manm Komisyon (Board of County Commissioners, BCC) Konte Palm Beach la te apwouve Pwogram Sibvansyon CARES pou Redemare Biznis nan dat 15 me 2020 pou akselere re-ouvèti biznis ke COVID-19 la te plis frape.

Pwogram $60 milyon pou Redemare Biznis la itilize yon pati nan alokasyon $261 milyon konte a ki sòti nan Lwa Federal CARES la ke Kongrè a apwouve. BCC te asiyen $50 milyon pou biznis ki gen 25 oswa mwens anplwaye ak $10 milyon pou biznis ki gen plis pase 25 anplwaye.  

Direktiv pwogram lan, ki gen ladan kritè kalifikasyon, aktyèlman afiche sou sitwèb Konte a. BCC te bay apwobasyon pou sibvansyon endividyèl jiska $25,000 pou ede biznis nan Konte Palm Beach yo ki te oblije fèmen oswa limite operasyon yo epi k ap planifye "redemare" nan moman an nan pwosesis ouvèti pwogresif konte a.

Dokiman obligatwa yo pral gen ladan yon aplikasyon byen ranpli sou pòtay konte a sou entènèt, sètifikasyon, afimasyon ak rekonesans, deklarasyon taks, rapò peman ak Resi Taks Biznis Konte Palm Beach ak yon enskripsyon aktif sou SunBiz. Dokiman sa yo pral obligatwa pou aplikan an ajoute nan sistèm lan.

Biznis ki enterese yo ankouraje pou prepare Aplikasyon pou Pwogram Redemaraj la piske y ap trete sou yon baz premye vini, premye kalifye. Aplikasyon sou entènèt la ta dwe lanse vandredi 22 me 2020 nan 8 :00 A.M. epi ap aksesib sou sitwèb Konte Palm Beach lan.

Kritè pou sibvansyon an ka jwenn nan: http://pbcgov.com/hes

Attachments