Article Title

Konte Palm Beach Ouvri Kat Refij Pou Polilasyon An Jeneral La

Post Date

Rollup Image

Konte Palm Beach Ouvri Kat Refij Pou Polilasyon An Jeneral La

Body

Akòz chanjman nan trajektwa ak entansite siklòn Isaias, Konte Palm Beach la ap louvri kat (4) refij pou popilasyon an jeneral la ak yon refij pou bèt kay, sèlman pou moun ki abite nan Zòn Evakyasyon “A" kòmanse nan 8 am nan Samdi 1ye Out. Zòn Evakyasyon “A" se pou rezidan k ap viv nan yon kay prefabrike/mobil oswa lojman ki pa nan nivo estanda.

Konte Palm Beach te kontakte tout kliyan Refij Pou Bezwen Espesyal yo pou mande enfòmasyon sou kisa yo ap bezwen pou pwoteksyon yo nan etablisman South Florida Fairgrounds la.

Kat refij pou popilasyon an se:

  • Lake Shore Middle School: 425 W Canal St. N, Belle Glade
  • Palm Beach Gardens High School: 4245 Holly Dr., Palm Beach Gardens
  • Palm Beach Central High School: 8499 Forest Hill Blvd., Wellington
  • Park Vista High School: 7900 Jog Rd., Lake Worth
  • Animals only shelter for residents sheltering at Park Vista High School - West Boynton Recreation Center: 6000 Northtree Blvd., Lake Worth

Refij yo pral òganize yon jan pou akomode distans sosyal. Fanmi yo pa pral gen plis espas, men espas ant fanmi yo ap pi gwo. Rezidan yo ta dwe prepare pou pote atik netwayaj yo avèk yo tankou savon, dezenfektan pou men, sèvyèt dezenfektan oswa founiti an jeneral pou netwayaj kay pou dezenfekte sifas yo

Nou ankouraje rezidan yo pou abrite an plas si sa pa yon danje. Li pi an sekirite lakay ou. Moun ki ap ititlize refij ki dezinye a yo ap fè tès depistaj, ap pran tanperati e ap mande pou kouvri figi. Kouvèti figi obligatwa pou tout moun ki gen plis ke laj 2 zan.

Sant Enfòmasyon Ijans, 561-712-6400, gen anplwaye 24 èdtan pa jou pou rezidan ki gen kesyon konsènan refij ak preparasyon pou siklòn.

Gid Ofisyèl Planifikasyon Siklòn nan Konte Palm Beach la disponib ak enfòmasyon sou resous konsènan preparasyon pou siklòn.​


Attachments